Accessibility links

Breaking News
Azi

Etazini di La Chin Apwi li Bay La Risi Konplike Relasyon yo


Sekrete d'Eta Ameriken Antony Blinken, a dwat, bay lanmen ak Minis Afe Etranje Chinwa Wang Yi pandan yon rankont nan Nusa Dua, sou zile vakans Endonezyen Bali, Samdi 9 Jiye, 2022.
Sekrete d'Eta Ameriken Antony Blinken, a dwat, bay lanmen ak Minis Afe Etranje Chinwa Wang Yi pandan yon rankont nan Nusa Dua, sou zile vakans Endonezyen Bali, Samdi 9 Jiye, 2022.

Sekretè d'Eta Etazini Antony Blinken di tokay Chinwa li ke apwi peyi li bay La Risi nan lagè lap mennen kont Ikrèn konplike relasyon ant Etazini ak La Chin nan yon epòk kote deja gen pwoblèm ant yo.

Minis Afè Etranjè Chinwa Wang Yi blame Etazini pou deteryorasyon relasyon yo e li di politik Etazini ap mennen an deraye sa li rele yon
mezantant ke La Chin reprezante yon menas.

Nan premye rankont fas-a-fas yo fè depi mwad Oktòb pase a, Blinken di li eksprime regrè li sou pozisyon La Chin adopte vizavi aksyon La Risi poze nan Ikrèn yo.

Diskisyon yo nan Endonezi te dewoule nan kad yon jefò pou eseye diminye ostilite ki egziste nan relasyon ant Etazini ak La Chin.

XS
SM
MD
LG