Accessibility links

Breaking News

G20: Envazyon LaRisi nan Ikrèn Pral Fè Pati Ajanda Pwogram nan


Indonesia G20 Foreign Ministers Meeting
Indonesia G20 Foreign Ministers Meeting

Envazyon LaRisi nan Ikrèn nan byen wo nan pwogram rankont G20 an, kote Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken ap rankontre ak lòt minis afè etranjè nan gwoup 20 pi gran ekonomi yo, semèn sa a nan Bali, Endonezi.

Anvan premye sesyon nan reyinyon an, Blinken te rankontre ak minis afè etranjè gwoup transatlantik Quad la yo ki gen LaFrans, Almay, Grand Bretay ak Etazini.

Pòtpawòl Depatman Deta Ned Price di nan yon deklarasyon jodi vandredi a ke yo te pale de efò an komen pou yo founi Ikrèn plis sipò sekirite ak imanitè e yo te repase mwayen pou yo abòde enkyetid sou sekirite alimantè mondyal ki se rezilta aksyon LaRisi pou vize kareman agrikilti Ikrèn.

Minis afè etranjè ris Sergei Lavrov te kite reyinyon minis G20 yo 2 fwa jodi-a - premye fwa a sete lè minis afè etranjè Almay Annalena Baercock t ap pale pandan sesyon ki mande pou peyi yo mete tèt yo ansanm, e 2èm

nan se menm kote minis afè etranjè Ikrèn, Dmitro Kuleba, ta pwal pale sou videolink de sekirite nan manje ak enèji. Lavrov pa te nan sal la lè Blinken te pale

XS
SM
MD
LG