Accessibility links

Breaking News

Blinken Mande Lachin pou l Kondane "Envasyon" Ris la nan Ikrèn


FILE - US Secretary of State Antony Blinken reacts during a media availability in Nusa Dua on the Indonesian resort island of Bali, July 9, 2022.
FILE - US Secretary of State Antony Blinken reacts during a media availability in Nusa Dua on the Indonesian resort island of Bali, July 9, 2022.

Minis Zafè Etranje Ameriken an, Antony Blinken, te mande Lachin pou l kondane "agresyon" Ris nan Ikrèn, li te fè deklarasyon sa yo apre yon rankont avek tokay chinwa a Wang Yi sou zile Endonezyen Bali .

"Sa a se vrèman moman kote nou tout bezwen leve kanpe, antanke peyi manm G20, pou kondane agresyon an epi mande, pami lòt bagay, ke Larisi pèmèt aksè a manje li bloke nan Ikrèn," Blinken te di. Li te ajoute ke li wè "pa gen okenn siy" koperasyon bo kote Larisi.

XS
SM
MD
LG