Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 20 Moun Mouri nan Atak Ris; Zelenskyy Lanse Apel pou yon "Tribinal Espesyal"


FILE - The remains of a destroyed school in which Ukrainian official say 60 people sheltering in a basement died following a Russian military strike on the village of Bilogorivka, Lugansk region, eastern Ukraine, is pictured on May 13, 2022.
FILE - The remains of a destroyed school in which Ukrainian official say 60 people sheltering in a basement died following a Russian military strike on the village of Bilogorivka, Lugansk region, eastern Ukraine, is pictured on May 13, 2022.

Omwen 20 moun pèdi lavi yo Jedi nan atak ak bomb Larisi te fè sou yon vil nan Ikrèn. Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy dekri atak sila a kòm yon "atak teworis ".

Nan yon entèvansyon videyo konferans ki te òganize pa Tribinal Kriminèl Entènasyonal la (ICC), Komisyon Ewopeyen an ak peyi la Oland, Zelenskyy te mande kreyasyon yon "tribinal espesyal" pou vin gade ak jije "krim teworis sa ke sa Ris yo fè nan Ikrèn' .

Nan Vinnytsia, nan plizyè imaj ke Sèvis Sitiyasyon Ijans Ikrenyen yo te pibliye nou te wè plizyè douzèn kadav moun ki boule ak yon bilding 10 etaj ki te kraz akoz eksplozyon yo.

Dapre lame Ikrenyen a, "3 misil" frape pakin lan ak yon bilding komèsyal nan sant vil la. Te gen ladann tou biwo lojman ak ti biznis moun yo te genyen. Yo te tire misil sa yo depi yon soumaren ki trouvel nan Lanmè Nwa a, dapre sa pòtpawòl Aviyasyon Ikrenyen Yuri Ignat te di.

"Chak jou Larisi touye sivil, touye timoun Ikrenyen, tire misil sou sib sivil kote pa gen anyen militè. Ki sa ki sa a, si se pa yon zak teworis ouvè?" Zelenskyy te di imedyatman apre grèv yo.

Chèf diplomasi Ikreynyen an , Dmytro Kouleba, ki te prezan nan La Haye, denonse nouvo "krim sa yo".

Redaktè-an-chèf gwoup medya leta Larisi Segodnya, Margarita Simonian, te deklare sou Telegram ke militè Ris yo te di li ke yo te vize "Chanm Ofisye yo, kote nasyonalis yo te deplwaye".

XS
SM
MD
LG