Accessibility links

Breaking News

Bolsonaro: Mwen Konnen Kijan pou Rezoud Lagè Ikrèn nan


Foto Achiv: Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro nan vil Brasilia, Brezil, 11 Jiye 2022.
Foto Achiv: Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro nan vil Brasilia, Brezil, 11 Jiye 2022.

Prezidan Brezilyen an, Jair Bolsonaro deklare li konnen kijan yo taka "rezoud" lagè ant La Risi ak Ikrèn nan. Li kontinye pou'l di li pral remèt sigjestyon li yo bay tokay Ikrenyen li Volodymyr Zelenskyy, lè li pale ak misye nan telefon semèn pwochèn.

"Mwen pral ba li opinyon mwen, di'l sa'm panse... mwen konnen kijan nou taka rezoud li. Men m'pap di pèsonn," Bolsonaro di jounalis yo pandan yon vizit nan eta Maranhao, ki sitye nan nodès peyi Brezil.

Bolsonaro ajoute li pap asiste rankont o somè Mercosur la ki sipoze dewoule semèn pwochèn nan, malgre Prezidan Paragweyen an, Mario Abdo, kap patwone rankont la ankouraje'l fè sa.

XS
SM
MD
LG