Accessibility links

Breaking News

Sanble Ikrèn Pa Lwen Jwenn yon Antant sou Ekspòtasyon Sereyal Li


Ukrainian Foreign Minister Dmytro Kuleba speaks during his interview to The Associated Press in Kyiv, Ukraine, Tuesday, July 12, 2022.
Ukrainian Foreign Minister Dmytro Kuleba speaks during his interview to The Associated Press in Kyiv, Ukraine, Tuesday, July 12, 2022.

Ikrèn fè konnen mèkredi sanble li pa lwen jwenn yon antant pou l rekòmanse ekspòte sereyal li yo (ble, mayi), an pasan pa Lanmè Nwa a ke Larisi te bloke pandan plizyè mwa depi l te lanse envazyon l lan nan Ikrèn.

Minis afè etranjè ikrenyen an, Dmytro Kouleba, ki abòde dosye a san l pa bay detay, deklare 2 pati yo pa lwen siyen antant la anvan negosyasyon sou ekspòtasyon yo kòmanse nan Istanboul avèk ofisyèl Larisi, Nasyonzini ak Tiki.

Apre yon rankontt sou dosye a te pran fen nan LONU, òganizasyon mondyal la di Sekretè Jeneral la, Antonio Guterres, te gen pou l fè yon anons sou “evolisyon negosyasyon yo nan Istanboul” pi ta nan jounen mèkredi a.

Plis pase 20 milyon tòn sereyal ikrenyen twouve yo nan silo nan vil Odesa, ki bay sou Lanmè Nwa a, kote plizyè douzèn bato rete bloke akoz blokis Larisi a. Tiki fè konnen li gen 20 bato machan k ap tann nan zòn nan e ke yo kapab chaje rapidman pou ekspedye pwovizyon ble ak mayi sou mache mondyal la.

XS
SM
MD
LG