Accessibility links

Breaking News

Apeprè 40 Peyi Mande Larisi Mete Fen nan Lagè a


Russian President Vladimir Putin attends meeting with parliamentary leaders in Moscow
Russian President Vladimir Putin attends meeting with parliamentary leaders in Moscow

40 peyi ki gen ladan Etazini, peyi manm Inyon Ewopeyèn yo, Wayòm Ini ak plizyè eta Azyatik te mande Larisi Mèkredi nan yon deklarasyon yo te ekri ansanm pou sipliye Larisi pou "sispann imedyatman operasyon militè li a nan Ikrèn", epi sipòte apwòch Kyev pran nan Tribinal Entènasyonal la.

Nan deklarasyon an ki pibliye nan eta New York, yo mande gouvènman ris la pou mete fen nan operasyon militè ke lap mennen kay vwazen li Ikrèm.

Deklarasyon an te tou pwofite pou bay Ikrèn peyi "sipò" yo nan demach ke lap menen "kont Larisi devan Tribinal Entènasyonal la (CPI), sou baz yon Konvansyon sou Prevansyon ak Pinisyon Krim Jenosid ki te tabli nan ane1948, dapre peyi sa yo pa gen okenn baz legal pou operasyon sa Ris yo ap menen nan Ikrèn ".

Tèks la deklare tou ke nan dat 16 mas 2022 yo te deja mande pou Moskou mete fen nan lagè a.

Deklarasyon an te di."Nou dwe rann Larisi responsab pou aksyon li yo. Nan sans sa a, nou konsidere zak Ris yo nan Ikrèn se yon vyolasyon nan lwa entènasyonal yo," "Pèt yo ak domaj ke Ris fè nanIkrèn (...) mande pou Ris yo ta bay reparasyon pou ede peyi a".

Dapre Ikrèn, sa pral koute omwen $750 milya pou rebati peyi a ki kraze akoz konfli a.

XS
SM
MD
LG