Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Olandè Mark Rutte Mande Pou Kontinye Apiye Ikrèn


US President Joe Biden (R) speaks with Netherland's Prime Minister Mark Rutte (2nd R), Turkish President Recep Tayyip Erdogan (L) and
Foreign minister Mevlut Çavusoglu (3rd L) at the NATO summit in Madrid, June 29, 2022.
US President Joe Biden (R) speaks with Netherland's Prime Minister Mark Rutte (2nd R), Turkish President Recep Tayyip Erdogan (L) and Foreign minister Mevlut Çavusoglu (3rd L) at the NATO summit in Madrid, June 29, 2022.

Premye Minis Olandè Mark Rutte fè konnen ke lagè ris yo lanse nan Ikrèn "kapab dire" pou anpil tan, e li mande kominote entènasyonal la pou l "kontinye sipòte Ikrèn".

Lagè nan Ikrèn te kapab dire anpil tan men peyi oksidantal yo dwe "kontinye sipòte Ikrèn nan tout fason ke sa posib".

"Gè sa a ka dire pi lontan ke sa nou te antisipe. Men, sa pa vle di nou ka chita kò nou epi ret gade. Nou bezwen rete konsantre epi kontinye sipòte Ikrèn nenpòt fason nou kapab, " li te di pandan yon konferans pou laprès ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy.

Misye Rutte te vizite tou Boutcha, Irpin ak Borodianka, 3 vil alantou Kyev ke twoup ris yo te okipe nan kòmansman lagè a.

Mesye Rutte te anonse tou ke yo voye yon nouvo sistèm zam a lon tèm ak èd finansye pou $200 milyon ero pou Ikrèn.

XS
SM
MD
LG