Accessibility links

Breaking News

1 Euro Pou 1 Dola


Foto Achiv: Yon dola ameriken ak pyes monnen ewo.
Foto Achiv: Yon dola ameriken ak pyes monnen ewo.

Jodi madi a Euro a vin an egal ego ak dola Ameriken an. Sa se on bagay ke pèsonn pa janm wè depi nan ane yo te tabli Euro a sou mache a. Lajan Euro ap soufri akoz peyi sou kontinan Ewòp la sere boulon Larisi nan dosye gaz, akoz operasyon militè li lanse kay vwazen l Ikren.

Men, avek nouvel etap enpòtan sa a, kote envestisè te bezwen 1 euro pou 1.0050 dola alantou 2:30 pm GMT (4:30 pm nan Pari), dola a te moute 0.10%.

Mache a enkyete ak gwo kriz enèji, apre gen anpil dout sou restorasyon ke Larisi ap kontinye kite gaz la koule apre te genyen yon entèripsyon pou yo te kapab fè antretyen nan tiyo gaz Nord Stream 1 an.

Sitiyasyon sa a bay anpil kè sote sou kontinan an e gen analis ki pale de yon resesyon an Ewòp.

XS
SM
MD
LG