Accessibility links

Breaking News

LeBron Kritike Washington, Dèske li Pa Fè Ase pou Ede Griner Jwenn Liberasyon li


WNBA star and two-time Olympic gold medalist Brittney Griner is escorted to a courtroom for a hearing, in Khimki just outside Moscow,
WNBA star and two-time Olympic gold medalist Brittney Griner is escorted to a courtroom for a hearing, in Khimki just outside Moscow,

Sipèsta NBA a LeBron James deklare Madi ke otorite ameriken yo pa fè ase pou ede Brittney Griner jwenn liberasyon li epi tounen Ozetazini. Pou rapel Jwèz WNBA a te jwenn arestasyon li nan Larisi depi fevriye pou posesyon dwòg.

Nan yon trelè pou emisyon YouTube li a "The Shop: Uninterrupted," jwè baskètbòl la te raple ke yo te arete konpatriòt li an nan Larisi nan mwa fevriye, kelke jou anvan Moskou te deside anvayi Ikrèn.

Lebron James te fè deklarasyon sa yo: "Kijan li ka (nan sikonstans sa yo) santi yo epi pou l ta di ke Washington ap sipòte l ?" "Nan ka li a, mwen ta ap poze tèt mwen kesyon Èske mwen ta dwe tounen an Amerik ?"

Brittney Griner te plede koupab pou kontrebann dwòg apre yo te arete li nan posesyon likid vape.

Ofisyèl ameriken yo konsidere arestasyon an abitrè.

Vanessa Nygaard nan Phoenix Mercury ak antrenè Griner te di fè deklarasyon sa semèn pase a: "Si se te LeBron, li ta lakay li deja, pa vre?"

LeBron James te eksprime sipò li pou jwè baskètbòl la nan mwa jen, akonpaye pa yon mesaj sou Twitter ak hashtag "#WeAreBG"

"Nou dwe reyini ansanm epi fè tout sa nou kapab pou ede BG tounen lakay li , rapid vit ak san danje. sekirite! Lè nou kòm kòm atlèt mete vwa nou ansam li pi fò ," LeBron deklare.

XS
SM
MD
LG