Accessibility links

Breaking News

Larisi Sanksyone 384 Palmantè Japonè


Larisi nan Vandredi entèdi 384 palmantè Japonè pou pa mete pye sou tèritwa li an repons apre Tokyo te deside apiye sanksyon entènasyonal yo kont Moskou akoz operasyon militè li nan Ikrèn.

Ministè afè etranjè Ris la mete non palmantè yo sou lis nwa a, li mete y sou yon sou sitwèb li a epi akize yo deske yo "adopte yon pozisyon ki anti-Ris, sitou lè yo eksprime akizasyon san fondman kont peyi nou konsènan operasyon militè espesyal la nan Ikrèn."

Tokyo depann anpil de gaz ris la, e yo deja endike ke yo espere ke Larisi wetire blokaj li te mete sou li 1 jiyè, kote yo anpeche yo patisipe nan pwojè enpòtasyon gaz fosil ki esansyèl pou sekirize peyi a.

Anviwon 8 pousan nan enpòtasyon LNG Japon an te rive jiskaprezan soti nan Larisi.

Nan mwa me a, ministè afè etranjè ris la te di ke li te entèdi antre plizyè douzèn ofisyèl Japonè, ki gen ladan Premye Minis Fumio Kishida.

XS
SM
MD
LG