Senatè Fransnet Denius (Depatman Nip) fè konnen konstitisyon amande a pa prevwa pou prezidan an plas la kontinye dirije peyi a aprè 7 fevriye 2016.
Malgre absans kandida Donald Trump, kesyon sou li-menm ak jan li mennen kapay li te nan mitan deba 28 janvye a.
Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo apiye misyon sa a nan yon sesyon ki dewoule mèkredi 27 janvye 2016 la. Lap fèt sou demand Prezidan Michel Martelly.
Akizasyon yo se: krim kont limanite (pami yo genyen vyòl ak asasina) avèk wòl li nan yon gè sivil ki te koute lavi anviwon 3 mil moun.
Sou 195 peyi kote òganizasyon Freedom House te evalye sitiyayon an, 50 “pa gen libète”, tandiske 59 lòt “se peyi ki pasyèlman lib.”
Plizyè sektè ap fè pwopozisyon pou evite yon vid enstitisyonèl apre 7 fevriye 2016 la, dat kote Prezidan Michel Martelly gen pou kite pouvwa a.
Primè sa a enpòtan anpil-anpil pou kandida Martin O’Malley. Si li pa ranpòte o-mwen 15% vwa yo, lap tou elimine e elektè yo pral ka repòte vwa yo swa sou Hillary Clinton, swa sou Bernie Sanders.
Chanm Depite a di li resevwa 4 pwopozisyon diferan pou evite yon vid enstitisyonèl apre 7 fevriye 2016 la. Yo sòti nan Pouvwa Egzekitif la, Biwo Prezidan Sena a, Gwoup G-8 la ak Konferans Episkopal la.
Tanpèt sa a kapab gen move konsekans sou yon gwo pati tèritwa ameriken an, sòti Kawolin di Sid pou rive nan Eta Massachusetts, nan nò-dès peyi a.
Responsab yo nan PNH entèdi moun sikile ak zam e yo entèdi tout banbòch mizikal nan jounen dimanch 24 janvye a nan okazyon deoulman eleksyon yo. Anpil sektè kontinye mande renvwaye vòt la.
Tanpèt sa a kapab deranje lavi plizyè milyon moun depi nan Eta Kawolin di Nò pou rive nan vil Boston, nan Eta Massachusetts.
KEP di li pran tout dispozisyon pou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ki fikse pou 24 janvye 2016 la dewoule nan jou sa a malgre pwotestasyon opozisyon an.
Espesyalis yo fè pwojeksyon pesimis ki pa prevwa tèlman gwo pwogrè pou ekonomi mondyal la pandan 12 pwochen mwa yo.
Opozisyon an di l ap kontinye manifeste kont eleksyon 24 janvye a malgre KEP a ensiste pou l di vòt la pral dewoule nan dat ki fikse a.
Enstitisyon Elektoral la, ki gen sipò kominote entènasyonal la, ap òganize seminè fòmasyon pou pèsonèl yo malgre gen siy ki montre kondisyon pou eleksyon yo pa reyini
Deba sa a -ki dewoule dimanch 17 janvye 2016 la- te santre sutou sou diferans ki egziste antre kandida yo sou politik nasyonal peyi a.
Selon KEP a, kandida elijib ki pa swete patisipe nan eleksyon 24 janvye a te gen 3 jou, apre piblikasyon rezilta yo, pou yo te fè retrè kandidati yo. Tout silans vle di patisipasyon.
Misye Jude Célestin di li pra l ekri enstitisyon elektoral la pou enfòme l ofisyèlman li pap patisipe nan eleksyon 24 janvye a paske Konsèy Elektoral Pwovizwa a pa swiv rekòmandasyon Komisyon Elektoral Endepandan an.
KEP a deklare ofisyèlman se 2 kandida k ap patisipe nan 2èm tou prezidansyèl yo kontrèman ak bri k ap kouri kòm kwa se Jovenel Moïse, kandida pati ki sou pouvwa k ap patisipe pou kont li nan eleksyon 24 janvye a
Prezidan Michel Martelly, ki t ap patisipe nan seremoni pou komemore 6an depi yon tranblemanntè te touye plizyè santèn milye moun, pwomèt pou l renmèt pouvwa a 7 fevriye, jan konstitisyon an prevwa l.
Load more