Accessibility links

Breaking News

Yon Tablo Tris sou Libète Sitwayen Atravè Lemond pou Ane 2015 la


Logo Freedom House, òganizasyon dwamoun ki pibliye yon rapò chak ane sou egzèsis libète sitwayen atravè lemond.
Logo Freedom House, òganizasyon dwamoun ki pibliye yon rapò chak ane sou egzèsis libète sitwayen atravè lemond.

Daprè Freedom House, yon oganizasyon defans dwa moun ki baze Ozetazini, taktik agresif rejim gwo ponyèt yo nan lemond, mete sou ogmantasyon atak teworis yo, plis yon sitiyasyon ekonomik ki degrade, te debouche sou yon gwo bès nan egzèsis libète sivil yo pandan ane 2015 la.

Freedom House di se pou yon 10èm ane youn aprè lòt egzèsis libète sitwayen yo bese konsa sou planèt la. Daprè rapò a, konsta sa a fèt nan 72 peyi -swa pi gwo kantite peyi ki anrejistre yon deklen nan libète sivil yo depi tandans la te kòmanse.

Daprè Freedom House toujou, sou 195 peyi kote li evalye sitiyayon an, 50 resevwa nòt ki di “yo pa gen libète”, tandiske 59 resevwa nòt ki di “yo se peyi ki pasyèlman lib...” Pami peyi kote otorite yo komèt pi gwo vyolasyon kont libète sitwayen yo, nou jwenn Siri, Tibè (yon rejyon otonòm nan Lachin), Somali, Kore di Nò, Ouzbekistan ak Eritre.

Sou menm lis "peyi ki pi mal pami pi mal yo", genyen tou Tikmenistan, Sahara Oksidantal, Repiblik Sant-Afrikèn, Soudan, Gine Ekwatoryal, ak Arabi Sawoudit.

XS
SM
MD
LG