Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Pwomèt pou l Renmèt Pouvwa a 7 Fevriye 2016


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly

Chèf leta ayisyen an, Michel Martelly, renouvle volonte l pou l kite pouvwa 7 fevriye 2016. Lidè ayisyen an fè deklarasyon sa a nan moman li t ap patisipe nan seremoni Ministè Edikasyon Nasyonal te òganize pou onore e repeskte memwa viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, Premye Minis Evans Paul ak anplwaye ministè a te prezan nan seremoni an. Minis Manigat anonse konstriksyon nouvo lokal Ministè a k ap koute 12 milyon dola.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 13 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:59 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kandida ala prezidans Pati Fanmi Lavalas la, doktè Maryse Narcisse, kritike otorite yo li di ki pa fè ase pou wetire anba tant tout moun ki te viktim seyis 12 janvye a.

Anfen, responsab plizyè òganizasyon Sosyete Sivil la nan Sid Ayiti salye prestasyon sèman 50è lejislati a, jan konstitisyon prevwa l. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar di nou òganizasyon sa yo mande depite ak senatè yo vote lwa ki nan entere popilasyon an.

XS
SM
MD
LG