Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Eleksyon Dimanch 24 Janvye a ap Dewoule nan Mitan yon Kriz Politik


Logo CEP Haiti
Logo CEP Haiti

Nan moman jou 24 janvye ap vanse pou dewoulman 2èm tou eeleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo, li pa sanble kriz elektoral la ap rezoud akoz yon seri pwoblèm. Kandida PHTK a , Jovenel Moise kontinye ap mennen kanpay pou ankouraje sipòtèl yo patisipe nan eleksyon an aloske kandida LAPEH a Jude Celestin ap mande popilasyon an pou boykote eleksyon an. Anvwaye spesyal Sevis Kreyòl Lavwa Lamerik la, Jacquelin Belizaire, di nou plis tan ap pase, se plis gravite kriz elektoral la ap ogmante.

Nouvèl Ayiti pou madi 19 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:34 0:00
Direct link

Manifestasyon dewoule nan kapital ayisyèn nan Pòtoprens lendi 18 janvye 2016 la, pou denonse eleksyon 24 janvye a. Korespondan nou Orpha Dessources di nou manifestasyon sa a, k ap kontinye madi 19 janvye a, kite yon bilan: 4 machin boule ak plizyè vit lòt kraze.

Yon lòt kote, konsèy elektoral la, ki gen sipò kominote entènasyonal la, kontinye òganize seyans fòmasyon pou pèsonèl KEP a. Atelye sa yo ap dewoule malgre 2 manm Konsèy Elektoral la demisyone epi yon lòt mande yon mizandisponibilite. Plizyè sektè fè KEP a konnen kondisyon yo pa reyini pou eleksyon dewoule dimanch k ap vini la a. Senatè Plato Santral la Francisco de La Cruz pataje opinyon sa a.

Anfen, Minis Afè Etranjè peyi-manm Asosyasyon Eta Karayib yo (AEC) trouve yo ann Ayiti kote y ap patisipe nan 21èm somè rejyonal asosyasyon an ki komanse yè lendi 18 janvye a e kap fini jodi madi 19 la. Objektif rankont sa a se bay diplomat yo yon okazyon pou yo diskite sou pwoblèm komen rejyon an ap konfonte epi anvizaje mwayen pou rezoud yo ansanm.

XS
SM
MD
LG