Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Pwopozisyon Diferan / Yon Sèl Objektif: Evite yon Kriz Enstitisyonèl Apre 7 Fevriye 2016 la


Manifestasyon anyi-gouvènmantal nan jounen lendi 25 janvye 2016 la.
Manifestasyon anyi-gouvènmantal nan jounen lendi 25 janvye 2016 la.

Ann Ayti manifestasyon pou ou kont pouvwa a ap kontinye apre Konsèy Elektoral Pwovizwa te ranvwaye 2èm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif pasyèl yo ki te dwe dewoule 24 janvye pase . Gen group ki anfavè enstalasyon yon gouvènman pwovizwa a --ou yon gouvènman tranzisyon-- tandiske gen lòt k ap mande yon lòt dat pou eleksyon yo dewoule.

Antretan, pwopozisyon ap sòti nan divès sektè pou chache evite yon vid enstitisyonèl lè manda prezidan Michel Martelly va pran fen nan dat 7 fevriye 2016 la. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la Jacquelin Belizaire di nou palman an se youn nan antite ki gen yon wòl enpòtan pou l jwe nan rechèch solisyon ki ka evite yon kriz nan peyi a.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 27 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:18 0:00
Direct link

Yon lòt kote, dirijan yon regwoupman pati politik deklare li an favè pwopozisyon pou yon gouvènman tranzisyon ta ranplase Prezidan Michel Martelly apre 7 fevriye. Korespondan nou Renan Toussaint di nou lidè politik sa a kwè gouvènman tranzisyon an ta dwe gen ladan n reprezantan tou lè 10 depatman jewografik peyi a.

Pandanstan, nan vil Gonayiv, lidè ak patizan yon pati politik ki pwòch pouvwa an plas la manifeste pou yo mande otorite yo fikse yon dat pou 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo dewoule. Dapre korespondan nou Exalus Mergenat, manifestan yo di yo pa anfavè yon gouvènman tranzisyon. Lavi a toumante tou nan vil Okap, nan Depatman Nò peyi a, kote manifestasyon te paralize sistèm transpò a ant Depatman sa a ak Depatman Nòdès la pandan jounen madi 26 janvye 2016 la.

Anfen etidyan fakilte IERAH ak ISERSS (2 lekol siperyè nan sistèm Inivèsite Deta Dayiti) manifeste madi 26 janvye a pou yo mande otorite konsène yo fè yon ajisteman salè an favè ti pèsonèl fakilte sa yo.

XS
SM
MD
LG