Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ivwaryen Laurent Gbago devan Tribinal Entènasyonal la.


Laurent Gbagbo pandan li t ap tann pwosè li kòmanse devan Tribinal Entènasyonal la nan vil La Hè, nan La Oland, nan kòmansman jounen jedi 28 janvye 2016 la. (Foto: AP/Peter Dejong, Pool)
Laurent Gbagbo pandan li t ap tann pwosè li kòmanse devan Tribinal Entènasyonal la nan vil La Hè, nan La Oland, nan kòmansman jounen jedi 28 janvye 2016 la. (Foto: AP/Peter Dejong, Pool)

Jijman La Wòt kou de Jistis --oubyen ankò tribinal entènasyonal la-- ap fè kont ansyen prezidan peyi Kot Divwa a, Laurent Gbagbo, kòmanse nan jounen jedi 28 janvye 2016 la nan vil Lahè, nan peyi La Oland.

Misye Bagbo se premye chèf deta ki konparèt devan tribinal la. Li gen pou l reponn akizasyon deske li te komèt krim kont limanite --pami yo genyen vyòl ak asasina; se konsa tou li gen sou do li akizasyon deske li te jwe yon gwo wòl nan yon gè sivil ki te dire 4 mwa nan lane 2010 e ki te koute lavi 3 mil moun konsa.

Daprè avoka akizasyon yo, Laurent GBagbo, ki genyen 70 zan kounyela a, te lanse lagè sa a pou l te ka rete sou pouvwa a, menmsi li te pèdi eleksyon prezidansyèl la devan rival politik li, Alasanne Ouattara.

XS
SM
MD
LG