Accessibility links

Breaking News

Etazini – Politik : Yon lòt Deba Chofe ant Kandida Pati Demokrat la


De goch a dwat: Martin O'Malley, Hillary Clinton ak Bernie Sanders nan vil Charleston, Eta Kawolin di Sid, 17 janvye 2016.
De goch a dwat: Martin O'Malley, Hillary Clinton ak Bernie Sanders nan vil Charleston, Eta Kawolin di Sid, 17 janvye 2016.

Ozetazini, kandida a la prezidans pou pati demokrat la, ansyen sekretè Deta Hillary Clinton, Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders, ak ansyen gouvènè Eta Maryland, Martin O'Malley, te patisipe dimanch 17 janvye 2016 la, nan yon deba ki te santre sutou sou diferans ki egziste antre yo konsènan politik nasyonal peyi a nan moman dat pou kèk eleksyon primè dewoule ap avanse

Pozisyon Madam Clinton ak Misye Sanders pran sou gran dosye entènasyonal yo reprezante kèk veritab konpliman pou administrasyon Obama a. Sepandan yo eksprime rezèv yo konsènan yon echanj prizonye ki fèk fèt ant Iran ak Lèzetazini epi sou miz an aplikasyon akò puisans mondyal yo te jwenn ak Iran sou pwogram nikleyè peyi sa a. Sou kesyon pou konnen èske Washington ta dwe nòmalize rapò li ak Teyeran apre 2 evènman sa yo, Sekretè Deta Hillary Clinton bay opinyon sa a:

<< Nou te genyen yon grenn bon jou sèlman nan 36 zan; e m panse nou ta dwe ret tann plizyè lòt bon jou anvan pou n kouri pale de nòmalizasyon rapò yo. >>

Senatè Bernie Sanders -ki wè yon siyn pozitif nan echanj prizonye yo ak miz an aplikasyon akò puisans mondyal yo te jwenn ak Iran an (paske Iran respekte pwomès ki mache ak akò a), mande pou Washington avanse sou wout nòmalizasyon an ak anpil prekosyon. Misye Sanders deklare:

<< Eske relasyon yo ta dwe vin pi pozitif nan lavni? Wi. Eske nou ta dwe prese ouvè yon anbasad laba a demen? Repons mwen se “non”. >>

Ansyen sekretè Deta Clinton ak Senatè Sanders preske egal-ego nan sondaj ki fèt nan anpil Eta kote eleksyon primè gen pou dewoule anvan lontan. Men diferans ki egziste antre yo konsènan gran dosye nasyonal yo, te parèt klè nan domèn tankou kontwòl zam ak refòm nan sistèm swen sante administrasyon Obama a reyalize a.

XS
SM
MD
LG