Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Eleksyon yo ap Dewoule 24 Janvye Malgre Manifestasyon, dapre CEP a.


Manifestasyon kont eleksyon 24 janvye 2016 la
Manifestasyon kont eleksyon 24 janvye 2016 la

Opozisyon an kontinye manifeste kont 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo ki fikse pou dimanch 24 janvye pwochen an. Konsèy Elektoral Pwovizwa a di tout bagay pare pou vòt la byen dewoule. Anvwaye espesyal nou ann Ayiti, Jacquelin Bélizaire, jwenn konfimasyon nan men pòtpawòl KEP a, Roudy Stanley Penn, ki di tout bagay pare pou eleksyon an dewoule nan dat ki fikse a.

Prezidan Michel Martelly te pran lapawol madi 19 janvye a nan Hotel Caribe, kote rankont peyi-manm Asosyasyon Eta Karayib la tap dewoule, pou l pote solidaritepeyi d Ayiti pou efò asanble rejyonal la ap deplwaye pou l rezoud pwoblèm peyi yo ap konfwonte. Lidè ayisyen an, ki te pale ak laprès apre sa, bay opinyon li sou posiblite pou ensekirite ta anpeche sitwayen yo ale vote epi sou validite eleksyon yo si kandida Jude Célestin pa patisipe.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 20 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:37 0:00
Direct link

Sena ayisyen an, bò kote pa l, ap pare pou l vote, nan jounen mèkredi 20 janvye a, sou yon rezolisyon k ap mande KEP a kanpe pwovizwaman sou dewoulman 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo ann atandan palman an fòme yon komisyon pou fè limyè sou akizasyon kòmkwa ta gen iregilarite nan eleksyon 9 out ak 25 oktòb 2015 la.

Anfen, lapolis sèvi ak gaz lakrimojèn madi 19 janvye 2016 la pou l gaye moun ki tap patisipe nan 2èm jounen manifestasyon opozisyon an te òganize kont eleksyon dimanch yo. Korespondan nou Orpha Dessources di nou lapolis fè plizyè arestasyon pandan manifestan yo, sou bò pa yo, kraze plizyè vit machin, boule kawotchou epi yo drese barikad. Pakè Pòtoprens la envtee viktim pote plent epi komisè gouvènman Ocnam Clamé Dalméus anonse otorite yo mete pouvwa piblik an branl kont lotè zak sa yo.

XS
SM
MD
LG