Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: KEP a Konfime Patisipasyon 2 Kandida nan Dezyèm Tou Prezidansyèl yo


Yon manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Marie-Caremelle Paul-Austin, konfime 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo pral dewoule nan jounen dimanch 24 janvye a ak patisipasyon 2 kandida: Jovenel Moise ak Jude Célestin. Korespondan nou Renan Toussaint di nou Madam Paul-Austin fè deklarasyon sa a malgre Misye Célestin deklare klèman li pap patisipe nan eleksyon yo toutotan KEP a pa aplike rekömandasyon Komisyon Evalyasyon Elektoral la.

Nouvèl Ayiti pou lendi 18 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:40 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Pwofesè Rosny Desroches, youn nan 5 manm Komisyon Evalyasyon Elektoral la, swete pati konsène yo va aplike rekòmandasyon komisyon an fè pou korije erè ki te genyen nan premye tou eleksyon prezidansyel yo. Pwofesè Desroches kwè palman an --ki prete sèman sa pa gen lontan-- kapab jwe yon wòl nan efò kap fèt pou fasilite dewoulman 2èm tou eleksyon yo nan bon kondisyon pou pèmèt yon nouvo prezidan prete sèman nan dat 7 fevriye 2016 la, jan konstitisyon ak lwa elektoral la prevwa l. Pwofesè Desroches pale konsa nan moman KEP a kòmanse yon seri atelye fòmasyon pou sipèvizè elektoral yo.

Anfen, yon ansyen palmantè ayisyen deklare gen gwo posibilite pou yon gouvènman tranzisyon monte sou pouvwa nan peyi d Ayiti si yon nouvo prezidan pa prete sèman nan dat 7 Fevriye 2016.

XS
SM
MD
LG