Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Prezidan Martelly di li Pap Kite Pouvwa a nan Dat 7 Fevriye a pou Evite yon Vid Enstitisyonèl.


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly (Foto Achiv).
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly (Foto Achiv).

Ann Ayiti, pandan Prezidan Michel Martelly tap inogire yon waf nan bè Pòtoprens la nan jounen jedi 28 janvye 2016 la, li di li pa pare pou l kite pouvwa a nan dat 7 fevriye 2016 la si eleksyon pa dewoule anvan dat sa a pou l pase rèn peyi a bay yon prezidan eli. Misye Martelly deklare li tap montre li pa gen sans responsablite si li ta kite pouvwa a san yon dirijan nan tèt nasyon an.

NOUVEL AYITI POU VANDREDI 29 JANVYE 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE ak L. DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:05 0:00

Se san pèdi tan reyaksyon tonbe pou denonse deklarasyon Prezidan Martelly a. Pa egzanp, palmantè Fransnet Denius, ki reprezante Depatman Nip la nan Sena a, fè konnen konstitisyon amande a pa prevwa pou prezidan an plas la kontinye dirije peyi a aprè 7 fevriye 2016.

Anons OEA fè pou di Konsèy Pèmanan li a apwouve yon plan pou òganizasyon rejyonal la voye yon misyon asistans elektoral ann Ayiti, pwovoke reyaksyon nan mitan mond politik la. Om politik Mathias Pierre, ki pale nan non G-8 la kote li reprezante ansyen kandida ala prezidans Moise Jean-Charles, di gwoup la pa kont yon misyon konsa, puiske “Ayiti se pa yon peyi izole”. Sepandan, Misye Pierre di G-8 la pap aksepte negosye okenn solisyon pou kriz la “avèk kan Martelly a ki dwe kite pouvwa a nan dat 7 fevriye 2016 la.”

Nan vil Orlando, Ozetazini, antreprenè dorijin ayisyèn yo gen kèsote devan kriz elektoral la ann Ayiti. Omdafè Richard Bégin, ki rezime santiman majorite kòlèg li yo nan sant Eta Florid, di sitiyasyon sa a lakoz anpil envestisè potansyèl –ayisyen kou etranje- refize al fè lajan yo travay nan peyi a, akoz yon enstabilite ki dire twò lontan. Misye Bégin swete lidè politik yo va pran enspirasyon nan deviz nasyonal peyi a “L’union fait la force” pou yo jwenn yon solisyon pou kriz la.

XS
SM
MD
LG