Entènasyonal fransè Kylian Mbappé rankontre jodi-a lapres 2 jou apre konfimasyon lap rete nan Paris St Germain jiskan 2025.
Lajistis nan peyi Ikrèn kondane yon sòlda ris pou l pran prizon avi. Sòlda sa a te plede koupab deske li te asasine yon sivil pandan lagè a nan Ikrèn.
Prezidan Senegalè a, Macky Sall, ki se aktyèl prezidan Inyon Afrikèn nan, di jodi a li pral vizite LaRisi ak Ikrèn anvan lontan.
Gennady Troukhanov, ki se majistra vil Odessa nan Ikrèn, nan yon entèvyou ak AFP deklare ke "ris yo sou tèritwa nou yo ap bonbade vil nou yo, touye pèp nou yo ak sòlda nou yo".
Larisi te deklare Samdi ke li te detwi yon gwo kagrezon zam l'Oksidan te voye bay Ikrèn, e li kontinye ap pilonnen rejyon Donbass la.
Larisi pibliye yon lis Ameriken ak Kanadyen ke li entèdi antre sou teritwa li.
Yon manm ekip sekirite Prezidan Ameriken Joe Biden, ki aktyèlman ap vwayaje nan Sid Kore, anba envestigasyon nan vil Seoul paske li "atake anba enfliyans alkòl" yon sitwayen Kore di Sid, dapre sa lapolis te di Vandredi.
Sipèsta Rihanna ak rapè A$AP Rocky te akeyi premye pitit yo, daprè sa plizyè medya Ameriken te revele Jedi.
Milyadè Afriken Elon Musk, te vizite Brezil Vandredi, e li te anonse sou Twitter lansman yon pwogram "koneksyon" entènèt satelit pou lekòl ki izole yo ak yon sistèm"siveyans anviwònman" nan Foré Amazon lan.
Omwen 12 moun te mouri ak 40 lòt blese Jedi nan bonbadman Larisi te lanse sou vil Severodonetsk, nan lès Ikrèn, zòn sa a prèske antoure pa fòs ki soti Moskou, dapre sa gouvènè rejyonal la anonse.
Pa gen okenn evalyasyon jeneral sou kantite silvil ki viktim nan konfli a.
Devan yon tribinal nan Kiev, yon sòlda Ris te plede koupab ke li te touye yon sivil Ikrenyen. Se youn nan premye jijman ki fet kont twoup Ris yo ke lajistis nan Ikrén akize te komèt krim lagè.
Nasyonzini eksprime madi enkyetid li genyen konsènan konsekans zak vyolans gang yo nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, genyen sou popilasyon an.
Elon Musk deklare Madi ke kondisyon pou li achte Twitter a pako reyini paske li pako gen garanti ke kantite fo kont ki sou Twitter reprezante mwens pase 5%.
Kèk minit avan match Atlético Madrid fas ak Sevilla FC a ki te fini 1 a 1, ekip la te anonse ke atakan Irigweyen Luis Suarez ap kite ekip la nan fen sezon an.
Lendi, lapolis nan peyi Salvadò dekalre ke yo mete anba kod plis pase 30,000 manm gang depi Prezidan Nayib Bukele te lanse yon koukouwouj "lagè" nan fen mwa mas la kont gang kriminèl yo ki nan peyi a ki ap simaye laterè atravè asasina, ak lòt move zak.
Prezidan fransè a Emmanuel Macron Chwazi Elisabeth Borne kòm Premye Minis pou ranplase Jean Castex.
Load more