Accessibility links

Breaking News

Salvadò: Otorite yo Arete 30,000 Manm Gang nan 50 Jou


EL SALVADOR-CRIME-VIOLENCE-GANGS-STATE OF EMERGENCY-SECURITY
EL SALVADOR-CRIME-VIOLENCE-GANGS-STATE OF EMERGENCY-SECURITY

Lendi, lapolis nan peyi Salvadò dekalre ke yo mete anba kod plis pase 30,000 manm gang depi Prezidan Nayib Bukele te lanse yon koukouwouj "lagè" nan fen mwa mas la kont gang kriminèl yo ki nan peyi a ki ap simaye laterè atravè asasina, ak lòt move zak.

Sou Twitter, ekip kominikasyon lapolis la te pibliye ke "Dimanch 15 me a fòs de lòd yo te arete 536 teworis, e depi lé kokouwouj la te kòmanse kont bandi yo gen aprepré 30,506 endivi ke otorite yo mete anba kòd pou afilyasyon yo ak gang".

Gouvènman an te chwazi pou li lanse koukouwouj kont gang nan peyi a apre te vin gen ogmantasyon nan omisid yo.

Nan fen mwa mas la te gen 87 moun ki pédi lavi yo nan 2 jou, e otorite yo te blame gang nan peyi a pou zak asasinay sa yo.

Sou demann Chèf Leta a, Palman an te dekrete yon lwa eksepsyonèl ki pèmèt anprizònman san yon lòd yon tribinal tout manm gang ke yo arete, anplis lwa sa gen ladanl tou ogmantasyon santans prizon ke yon moun ki inisye nan yon gang.

Dapre nouvo lwa sa yon moun ke yo arete pou afilyasyon li ak gang kapab pase jiska 45 ane nan prizon.

XS
SM
MD
LG