Accessibility links

Breaking News

Salvadò: Fòs Sekirite yo Ogmante Operasyon Kont Gang yo


An informal food vendor, left, waits at her stall next to a Municipal Police officer at a crime scene in San Salvador, El Salvador, March 27, 2022.
An informal food vendor, left, waits at her stall next to a Municipal Police officer at a crime scene in San Salvador, El Salvador, March 27, 2022.

Fòs sekirite nan peyi Salvadò ogmante operasyon kont gang nan lari peyi a ayè madi a, kote yo arete yon pakèt kriminèl, bare kèk katye e fè fouy kay an kay nan yon eta dsyèj ke Prezidan Nayib Bukele te mande.

Kantite asasinay nan peyi a ki yon jan piti sou administrasyon Bukele a se youn nan akonplisman ki fè l pi kontan. Menm lè kèk moun poze kesyon sou mwayen li anplwaye pou sa, peyi-a t-ap viv nan lapè, konpare ak kèk peròd kote anpil san te konn koule anvan li te moute nan pouvwa a.

Sa te chanje nan wikenn pase a kote 89 moun te pèdi lavi nan 4 jou, konpare ak 79 nan mwa Fevriye pase.

XS
SM
MD
LG