Accessibility links

Breaking News

Oganizasyon Dwamoun Denonse Arestasyon Ilegal nan Salvadó

FILE - Men are detained by police, suspected of a homicide near a market in San Salvador, El Salvador, on Sunday, March 27, 2022. Five organizations have documented more than 300 complaints of human rights violations since the president of El Salvador, Na

5 òganizasyon dwamoun rapòte mèkredi yo resevwa plent kont omwen 338 vyolasyon ki te swadizan fèt pandan arestasyon an mas manm gang nan Peyi Salvadò. 5 òganizasyon non-gouvènmantal sa yo fè konnen abi yo plis denonse se arestasyon gwo ponyèt, fouy ilegal kay moun, blese, vòl avèk lanmò youn nan moun yo arete yo.

Majorite arestasyon yo enplike kèk jenn gazon ki gen ant 18 e 30 tan, daprè Fondasyon Cristóbal. Kanpay sereboulon sa a, ki te kòmanse nan mwa mas la apre yon kantite rekò asasina, debouche sou arestasyon plis pase 24 mil manm gang prezime.

Sepandan, jiska premye me a, se sèlman 10 mil 885 nan prizonye yo ki te gen yon dat pou yo prezante devan jij yo. Gouvènman salvadoryen an dekrete yon eta dijans ki pwolonje jiska 15 jou tan yon moun ka rete nan prizon san akizasyon.

Gwoup defans dwamoun yo kritike desizyon an; dapre yo, souvan arestasyon yo fèt yon fason abitrè, dapre aparans yon moun oubyen dapre kote l ap viv. Lapolis rapòte tou yo konn oblije yo fè yon kantite arestasyon byen presi.

XS
SM
MD
LG