Accessibility links

Breaking News

Elon Musk Anonse Pou li Achte Twitter Fòk yo Garanti l Kantite Fo Kont Twitter yo Mwenske 5%


MUSK-TWITTER/ELLISON
MUSK-TWITTER/ELLISON

Elon Musk deklare Madi ke kondisyon pou li achte Twitter a pako reyini paske li pako gen garanti ke kantite fo kont ki sou Twitter reprezante mwens pase 5%.

Musk te lage yon tweet kote li deklare ke "Direktè egzekitif Twitter a te refize pwouve ke kantite fo kont ki sou rezo a mwenske 5% ". Musk, ki gen prèske 94 milyon moun k ap swiv li sou rezo sosyal la te di ke li pa ka kontinye ak tranzaksyon pou achte Twitter san garanti sa yo.

Nan yon konferans ki te fét Lendi, Musk te deklare tou ke 20% itilizatè Twitter yo se fo kont yo ye.

AFP te eseye kontakte Twitter yo men li pa jwen repons.

Nan dénye jou sa yo, aksyon gwoup la sou mache a tonbe 3.5% nan Wall Street.

XS
SM
MD
LG