Accessibility links

Breaking News

Rihanna Fè Premye Pitit Li


Foto Achiv: Rihanna, a goch, ak ASAP Rocky nan defile mod Off-White pou sezon Otonn/Ive 2022-2023 a nan Paris, 28 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Rihanna, a goch, ak ASAP Rocky nan defile mod Off-White pou sezon Otonn/Ive 2022-2023 a nan Paris, 28 Fevriye 2022.

Sipèsta Rihanna ak rapè A$AP Rocky te akeyi premye pitit yo, daprè sa plizyè medya Ameriken te revele Jedi.

Chantèz hit "Diamonds" ak "Umbrella" la, ki tou gen anpil siksè nan lamòd, te akouche premye pitit li 13 me nan vil Los Angeles, dapre sa TMZ fè konnen.

Sipèta a ki gen 34 an pa t asiste Gala Metropolitan Museum of Art nan dat 2 me pase a.

People Magazine konfime nesans pitit la, dapre yon sous ki nan antouraj koup la. Sous la di yo lakay yo ak ti bebe a epi ke "Rihanna anfòm." "Yo trè kontan dèske yo vin paran,".

AFP te eseye tabli kontak ak yon reprezantan koup la, men yo pat reponn.

XS
SM
MD
LG