Etidyan nan mond lan ak anpil kanpous inivèsite Ozetazini kontinye ap manifeste kont atak lame Izrayèl la nan Gaza.
Sezon lapli kap demare ofisyèlman premye jen kap vini la enkyete asosiyasyon ak regwoupman Fanm yo nan agrikilti. Estrikti sa mande leta pou travay sou yon plan amenajman teritwa nan lide pou limite dega yo e mande agrikiltè yo pou yo plis rezonab nan envestisman yap fè pandan peryòd sa.
Khloe Timmer se yon jèn atlèt jimnastik Ayisyèn ki fè listwa pou Ayiti nan Je Panameriken yo kote li ranpote yon meday ajan. Se premye fwa Ayiti janm pran yon meday nan domèn spotif sa a. Jude Deronceray te pale ak li pou VOA Kreyol nan Miami.
BOCA RATON, Fla. (AP) — Desizyon eta Florid pou entèdi pifò avòtman apre 6 semèn gwosès antre ann aplikasyon, e kèk doktè gen enkyetid ke fanm nan eta a ka vin gen baryè ki anpeche yo jwenn bon jan swen sante.
Komèsan ayisyen o Brezil ap babye twòp frè y ap peye epi lavant yo diminye. Cheslie Jean Baptiste depi Sao Paolo, Brezil
BERLIN (AP) — Palmantè Alman yo apwouve yon pwojè-lwa ki pral rann li pi fasil pou moun chanje non yo ak sèks yo nan rejis ofisyèl yo.
Kou Siprèm Arizona a deside ayè madi a ke eta a ka fè respekte yon lwa ki t ap dòmi depi lontan ki konsidere tout jete pitit kòm krim eksepte si lavi manman an an danje.
Plizye oganizasyon fanm pran lari Limbe pou make mwa mondyal medam yo epi denonse zak vyolans bandi ame ap komet kont fi ak tifi an Ayiti.
Chanm Komès Ayisyano-Ameriken an onore 7 fanm Ayisyèn pou travay yo nan divès domèn nan eta Florid.
Gwo eskandal pete nan Gana apre yon yon prèt te marye ak yon tifi 13 an, sa ki te fè moun sezi nan peyi wès Afrik la, e anpil moun leve vwa yo pou mande arete Prèt la.
Load more