Accessibility links

Breaking News

Prezidan Senegal Macky Sall Pral Vizite Larisi


Senegal's President Macky Sall speaks during a press conference in Dakar, May 1, 2022.
Senegal's President Macky Sall speaks during a press conference in Dakar, May 1, 2022.

Prezidan Senegalè a, Macky Sall, ki se aktyèl prezidan Inyon Afrikèn nan, di jodi a li pral vizite LaRisi ak Ikrèn anvan lontan.

Vwayaj sa a te gen pou fèt 18 Me pase a, men yo te ranvwaye l paske lòt aktivite te sou pwogram prezidan an pou menm dat la, pou repete deklarasyon Sall fè nan yon konferans pou laprès li t ap bay ansanm ak Chanselye alman an, Olaf Scholz, ki t ap vizite Senegal. ò

Sall resevwa manda Inyon Afrikèn nan pou l fè vwayaj la sou envitasyon LaRisi.

Envazyon LaRisi a nan Ikrèn frape ekonomi peyi afriken yo gravman akoz pri sereyal ki moute avèk gaz ki manke sou mache. Envazyon sa a jwenn repons depaman bò kote peyi afriken yo.

Nan koumansman mwa Mas pase, Senegal te fè abstansyon sou yon rezolisyon Nasyon Zini ke yon gwo majorite te adopte e ki te mande pou LaRisi kite Ikrèn. Men 2 semèn apre, li te vote anfavè yon lòt rezolisyon ki te ale nan menm sans la.

Preske mwatye nan peyi frikien yo te fè abstansyon oubyen yo pa t vote ditou nan 2 rezolisyon l'ONU yo.

XS
SM
MD
LG