Accessibility links

Breaking News
Azi

O Japon, Biden Pral Bay Detay sou Kiyès ki nan Nouvo Akò Komèsyal Azi a


Prezidan Joe Biden desann avyon prezidansyel Air Force One, apre li rive nan baz Avyiyasyon Yokota a, Dimanch 22 Me 2022 nan vil Fussa, tou pre Tokyo, Japon.
Prezidan Joe Biden desann avyon prezidansyel Air Force One, apre li rive nan baz Avyiyasyon Yokota a, Dimanch 22 Me 2022 nan vil Fussa, tou pre Tokyo, Japon.

Prezidan Joe Biden pral lanse lendi yon trete komèsyal Endo-Pasifik ke moun ap tann depi lontan.

Lamezonblanch di akò a pral ede Etazini travay yon fason pi sere ak ekonomi azyatik yo sou kesyon tankou kagezon pwodwi, teknoloji, enèji pwòp ak jefo anti-kowipsyon.

Prezidan Biden va anonse ki peyi ki siyen Akò Kad Ekonomik Endo-Pasifik la pandan yon vizit nan vil Tokyo, kapital peyi Japon, kote li gen pou l rankontre Premye Minis Fumio Kishida.

Se dènye etap administrasyon Biden nan ap franchi pou l eseye elaji enfliyans Lèzetazini nan rejyon pasitik la epi kontre pouvwa ekonomik La Chin nan rejyon sa a.

XS
SM
MD
LG