Accessibility links

Breaking News
Azi

Etazini, Kore di Sid Dakò pou Pwolonje Egzèsis Militè yo


Prezidan Ameriken Joe Biden a goch, ak Prezidan Sid Koreyen an Yoon Suk Yeol mete mask yo apre yon konferans pou lapres nan Kay Pep la, andedan Ministe Defans Nasyonal Kore di Sid, Samdi 21 Me 2022.
Prezidan Ameriken Joe Biden a goch, ak Prezidan Sid Koreyen an Yoon Suk Yeol mete mask yo apre yon konferans pou lapres nan Kay Pep la, andedan Ministe Defans Nasyonal Kore di Sid, Samdi 21 Me 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden ak Prezidan Kore di Sid la, Yoon Suk Yeol deklare apre rankont yo te genyen jodia ke yo pral konsidere etann egzèsis milite konjwen yo pou dekouraje Kore di No menase yo ak zam nikleyè.

Anons la fèt Samdi pandan vizit Biden ap fè nan vil Seoul e li reflete yon depa de pozisyon ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump te pran sou kestyon an. Trump te konsidere vag sou egzèsis sa yo e li te eksprime afeksyon pou lidè Kore di No a Kim Jong Un.

Anons la soulaje tou kè sote Seoul te genyen ke Washington tapral reprann politik "pasyans estratejik" administrasyon Obama a, kote gouvènman Ameriken an pat fè anyen nan moman Kore di No tap elaji asnal nikleyè li a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG