Accessibility links

Breaking News

Jill Biden Diskite Somè dèz Amerik la Pandan yon Diskou nan peyi Ekwatè


Premye Dam Jill Biden pale ak konseye wo plase Anthony Bernal anvan diskou li nan Palè Carondelet a nan vil Quito, Ekwatè, Jedi 19 Me 2022.
Premye Dam Jill Biden pale ak konseye wo plase Anthony Bernal anvan diskou li nan Palè Carondelet a nan vil Quito, Ekwatè, Jedi 19 Me 2022.

Premye Dam Jill Biden vizite timoun lekol yo premye jounen vizit ofisyèl lap fè nan peyi Ekwatè, ki se premye etap vire won lap fè pandan 6 jou nan Amerik Latin nan. Li va vizite 3 peyi pandan vizit sa a.

Apre yon brèf vizit nan Palè Prezidansyèl la, Premye dam Amerikèn nan te vizite Sant Devlopman Timoun San Francisco de Quito a, pou aprann plis sou jefo gouvènman Ekwatè a ap fè sou kestyon nitrisyon timoun.

Nan yon diskou li pwononse, Madan Biden mansyone Somè dèz Amerik la ki pral rasanble lidè emisfè oksidantal yo ke Etazini ap patwone. Rankont o somè a pral fèt nan vil Los Angeles nan komansman mwad Jyen an.

"Pandan somè a lidè nou yo gen yon ajanda anbisye pou kole tèt ansanm sou kestyon tankou pwoteksyon anviwonman an pou sofgade avni nou, reziyans nan domèn sante ak mezi pou konbat pandemi epi ransman gouvènman demokratik yo," Madan Biden deklare.

Premye dam nan pral vizite Panama ak Costa Rica tou, anvan li retounen Washington semèn pwochèn nan.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG