Accessibility links

Breaking News

Biden di La Swèd ak Fenland Gen Tout Sipò Etazini nan Demann pou Antre nan LOTAN


Prezidan Joe Biden ak Premye Minis La Swed Magdalena Andersson a goch epi Prezidan Fenland Sauli Niinisto a dwat nan jaden Woz la Mezonblanch la nan Washington, Jedi 19 Me, 2022.
Prezidan Joe Biden ak Premye Minis La Swed Magdalena Andersson a goch epi Prezidan Fenland Sauli Niinisto a dwat nan jaden Woz la Mezonblanch la nan Washington, Jedi 19 Me, 2022.

Prezidan Joe Biden chante lwanj 2 peyi ki te pran pozisyon net - an palan de La Swèd ak Fenland - men ki deside vinn manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a, LOTAN - akoz envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan.
Etazini ak 2 peyi sa yo ap travay ansanm pou kontre opozisyon La Tiki prezante fas ak demann peyi yo fè pou antre nan alyans la.

"La Swèd ak Fenland gen ensitisyon demokratik pwisan, fòs milite pwisan, yo gen ekonomi transparan ek yon sans moral sa ki byen e bon. Yo reponn tout kritèr LOTAN yo e menm depase yo. Si nou gen 2 nouvo manm LOTAN nan nò a sa pral ogmante sekirite alyans nou e rann pi djanm kowoperasyon nou sou sekirite," Biden deklare.

Prezidan an te akeyi Premye Minis Swedwaz Magdalena Andersson ak Prezidan Fenlandè Sauli Niinisto nan Lamezonblanch Jedi kote yo te fè chita tande.

Administrasyon Biden nan di li optimis vizavi aplikasyon pou antre nan alyans la, ki ta yon gwo wont pou La Risi apre envazyon Ikrèn nan.

"Nou konsilte ak La Swèd ak Fenland sou tout etap yo e jodia mwen fyè pou'm asire yo ke yo gen apwi total kapital Lèzetazini. Jodia, administrasyon mwen an pral remèt bay Kongrè a rapò sou demann tou 2 peyi yo fè pou antre nan LOTAN pou ke Sena a kapab yon fason efikas e rapidman, pouse pou pi devan pou'l bay konsèy li epi bay konsantman'l," Biden deklare.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin mande pou alyans la sispann elaji nan direksyon frontyè La Risi e plizyè alye LOTAN - pami yo Etazini ak Angletè siyale yo pare pou kanpe fèm pou bay sekirite epi apiye Fenland ak La Swed si Kremlen an eseye pwovoke oubyen destabilize yo antre tan ke yo antre nan LOTAN.

Putin te site kòm rezon pou envazyon li an, aspirasyon Ikrèn genyen pou antre nan L'OTAN.

La Tiki pa dakò pou La Swèd antre nan alyans la akoz sa li pèsevwa kòm sipò peyi sa a pou Pati Travayè Kurdistan an - PKK - ak yon gwoup ame nan la Siri ke La Riki konsidere tankou yon ekstansyon PKK. Konfli La Tiki ak PKK lakoz dè milye moun pèdi lavi yo depi 1984. Tiki pa tèlman opoze dezi Fenland pou vinn manm LOTAN.

Lè jounalis mande'l sa li panse de objeksyon La Tiki men sa li te reponn:

"Nouvo manm LOTAN yo pa poze menas pou okenn peyi. Pwen ba."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG