Accessibility links

Breaking News

Fenland Anonse Ofisyèlman li Gen Entansyon Aplike pou Vin Manm LOTAN

Finland's Prime Minister Sanna Marin (L) and Finland's President Sauli Niinistö give a press conference to announce that Finland will apply for NATO membership at the Presidential Palace in Helsinki, May 15, 2022.

Fenland anonse ofisyèlman dimanch li gen entansyon aplike pou vin manm alyans militè loksidan an, LOTAN, e iyore pinga Prezidan ris Vladimir Putin ki di aksyon sa a ta gen yon efè negatif sou relasyon pasifik ki ekziste ant 2 peyi vwazen yo.

Prezidan Sauli Niinisto ak Premye-minis Sanna Marin anonse kantidati pou LOTAN an nan palè prezidansyèl la nan Helsinki.

Anons Finland pou fè konnen li ap antre nan alyans militè ki gen 30 manm, ke Etazini domine a, ki te fòme apre 2èm Gè Mondyal la, se yon anons ke moun t ap tann apre envazyon LaRisi nan Ikrèn 24 Fevriye pase a e k ap kontinye.

Vwazen Finland nan lwès la, Swèd, ka chache antre nan alyans la tou, e mete fen nan 2 syèk kote li te yon peyi non-aliye militèman. Pati opouvwa nan Swèd la abandone ayè dimanch la opozisyon l kont lide pou antre nan LOTAN an.

XS
SM
MD
LG