Nouvel sou vedèt ak Sergio Rodriguez
Delegasyon CARICOM nan sou twazyèn jounenl nan Pòtoprens, jodi vandredi 8 desanm 2023, nan kad demach pou ede aktè ayisyen yo jwenn yon antant politik globàl pou rezoud kriz la. Renan Toussaint, ap swiv dosye sa a pou nou depi pòtoprens.
Òganizasyon dwa moun “Défenseurs plus” nan tèt kole ak “Fondasyon Zanmi Timoun” denonse vyolans k ap fèt sou ouvriyèz yo nan faktori yo Fedeline Estinfile se yon responsab nan Fondasyon Zanmi Timoun
Konsèy Sekirite Nasyonzini pa vote rezolisyon yon seselfe nan teritwa Gaza a malgre apèl Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres lanse pou evite yon katastròf Valerio Saint Louis
Izrayèl kontinye ap atake militan Hamas yo malgre apèl k ap lanse pou mande yon seselfe ak pwoteksyon sivil yo
Otorite Ameriken ak Irakyen yo di te gen yon atak ak wòkèt sou Anbasad Etazini an nan Bagdad, sa ki te lakòz kèk ti domaj men li pat koze okenn viktim.
Prezidan Vladimir Putin ap travay pou jwenn yon lòt manda pou li ka rete lidè peyi Larisi pou omwens yon lòt 6 ane. Putin anonse kandidati li pou eleksyon prezidansyèl ki gen pou fèt nan mwa Mas ane pwochen ke tout moun rete sèten li ap genyen.
Yon tribinal nan Teheran kondane gouvènman ameriken an pou li peye 49 milya 700 milyon dola pou konpansasyon apre yon pwosè ke 3-mil-300 Iranyen te lanse Tribinal la òdone gouvènman ameriken an peye preske 50 milya dola dedomajman pou asasinay yon jeneral wo-plase iranyen, sa gen preske 4 lane.
BAGDAD (AP) — Otorite Ameriken ak Irakyen yo di te gen yon atak ak wòkèt sou Anbasad Etazini an nan Bagdad, sa ki te lakòz kèk ti domaj men li pat koze okenn viktim.
Te gen gwo batay fewos Lame izrayelyèn nan Gaza pi presizeman nan Khan Younis.
Yon delagasyon peyi Kenya vizite Ayiti toujou nanh kad Misyon Miltinasyonal pou Soutyen sekirite a ann Ayiti . Renan Toussaint ...
Palestinyen ki kouri kite kay yo akoz atak Izrayelyen yo di yap viv ant lavi ak lanmò - yo paka jwenn manje, yap dòmi sou twotwa epi yo pa gen akse ak pwodui premye nesesite yo.
Load more