Accessibility links

Breaking News

Lavrov: Si nou"Enterese Rezoud Kriz la" Sispann Bay Ikrèn Zam


Russian Foreign Minister Sergei Lavrov meets his Armenian counterpart Ararat Mirzoyan in Moscow
Russian Foreign Minister Sergei Lavrov meets his Armenian counterpart Ararat Mirzoyan in Moscow

Minis Afè Etranjè Ris la, Sergei Lavrov, mande Òganizasyon Trete Atlantik Nò a ak Lèzetazini pou yo sispann voye zam nan Kyev si yo "vrèman vre enterese nan rezoud kriz la".

Lavrov te di nan yon entèvyou Samdi ke ajans nouvel Xinhua te pibliye ke "toujou gen tout kalite zam ki kontinye ap antre nan Ikrèn ki soti nan peyi Polòy ak lòt peyi ki manm LOTAN."

Minis la te ajoute ke atak Ris yo nan Ikrèn ap kontinye "dapre plan" yo genyen, e ke tout objektif yo "ap reyalize malgre obstriksyon ke advèsè nou ap eseye ba nou".

XS
SM
MD
LG