Accessibility links

Breaking News

Biden Mande Plis Lajan pou Kyèv Pou Ogmante Presyon sou Moskou


US President Joe Biden speaks about the war in Ukraine in the Roosevelt Room at the White House, April 28, 2022, in Washington.
US President Joe Biden speaks about the war in Ukraine in the Roosevelt Room at the White House, April 28, 2022, in Washington.

Joe Biden ap ogmante presyon an sou Moskou apre li mande Kongrè a pou yon ekstansyon bidjè ki evalye a $33 milya dola pou bay Ikrèn.

Bidjè sa pral ede Ikrèn jwenn plis èd militè, epi Biden pwopoze pou likide byen oligark Ris yo pou ka konpanse domaj Ikrèn sibi nan lagè a.

Etazini "pa atake" Larisi men " se ede lap ede Ikrèn defann tèt li kont agresyon Larisi yo ".

Biden kontinye pou li di ke yo deja bay Ikrèn 10 zam anti-tank pou chak tank Ris ki nan Ikrèn.

Nan menm diskou a, prezidan an te reyaji sou desisyon Konpayi Gazprom ki responsab livrezon gaz nan plizyè peyi nan Ewòp la pran pou koupe distribisyon yo, paske peyi yo te refize achte gaz la ak Roub.

Biden deklare ke "Washington pa pral kite Moskou 'entimide' Ewòp paske li koupe distribisyon gaz la.

Minis enèji peyi-manm Inyon Ewòp la (IE) pral rankontre lendi nan Briksèl, nan Bèljik, nan moman Larisi menase pou l kontinye koupe livrezon gaz natirèl li pou plis peyi.

XS
SM
MD
LG