Accessibility links

Breaking News

Rankont Peyi-Manm Inyon Ewòp la Lendi sou Plis Sanksyon kont Larisi


Russia Ukraine War EU Gas
Russia Ukraine War EU Gas

Minis enèji peyi-manm Inyon Ewòp la (IE) pral rankontre lendi nan Briksèl, nan Bèljik, nan moman Larisi menase pou l kontinye koupe livrezon gaz natirel li pou plis peyi.

Mèkredi a, Larisi te koupe gaz ki ale jwenn 2 manm IE, Lapolòy ka Bilgari, apre li te lanse avètisman bay swadizan “peyi ennmi yo” pou l di yo li t ap koupe gaz yo si yo pa peye nan lajan ris la, Woub la.

Peyi konsène yo konsidere desizyon sa a kòm yon efò pou Larisi bay lajan li a plis jarèt, alòske pi fò kontra li siyen ak peyi manm IE la se kontra yo ta dwe peye swa an dola, swa an ewo.

Manm inyon an reponn avètisman Larisi a avèk tèt frèt. Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, deklare:

“Se pa yon sipriz si Krèmlen an ap itillize gaz ki sòti nan fosil pou l kraponnen nou. Komisyon Ewopeyen an gen lontan depi l ap prepare l pou sa nan kolaborasyon ak solidarite ak eta-manm li yo epi patnè entènasyonal li yo. Nou pral bay yon repons k ap rapid, ini e kowòdone. “

XS
SM
MD
LG