Accessibility links

Breaking News

Larisi: Gazprom Sispann Livrezon Gaz Nan 2 Peyi


Ilustrasi pipa gas alam dengan latar belakang logo perusahaan migas Rusia, Gazprom, 31 Januari 2022. (Foto: REUTERS/Dado Ruvic)
Ilustrasi pipa gas alam dengan latar belakang logo perusahaan migas Rusia, Gazprom, 31 Januari 2022. (Foto: REUTERS/Dado Ruvic)

Gazprom anonse Mèkredi ke li sispann tout livrezon gaz nan peyi Bilgari ak Polòy, 2 peyi sa yo se manm Inyon Ewopeyen an ki depann anpil sou gaz Ris la.

Gazprom di li pran desisyon sila a paske 2 peyi sa yo pa fè peman yo an roubles. Sispansyon nan livrezon an se parapo ak demann Larisi te fè pou tout peyi peye pou gaz la an roubles akoz yo te sere boulon Larisi avek dola a sou mache a.

Konpayi gaz Polonè PGNiG konfime ke gen "sispansyon konplè nan rezèv gaz natirèl ke Gazprom te konn apwovizyone yo".

Gouvènman an Bilgari te deklare ke li te "fè tout pèman obligatwa li yo nan tan apwopriye yo".

Pou Premye Minis Kiril Petkov, sa yap fè a se "chantaj li pa akseptab" desisyon sila se "yon vyolasyon grav nan kontra a".

XS
SM
MD
LG