Accessibility links

Breaking News

Vizit Chèf L ONU an, Antonio Guterres, nan Moskou Konsènan Lagè a nan Ikrèn


Foto sa a ke Sevis Lapres Ministe Afe Etranje Ris la bay lapres montre Minis Afe Etranje a Sergey Lavrov a dwat ak Sekrete-Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres nan Moskou, La Risi, Madi 26 Avril 2022.
Foto sa a ke Sevis Lapres Ministe Afe Etranje Ris la bay lapres montre Minis Afe Etranje a Sergey Lavrov a dwat ak Sekrete-Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres nan Moskou, La Risi, Madi 26 Avril 2022.

Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyonzini an, Antonio Guterres, ale Moskou madi pou l te rankontre ak Prezidan Vladimir Putin e minis afè etranjè a, Sergei Lavrov, pou l eseye aranje yon seselfe menm lè Larisi lanse nouvo atak sou pati lès ak sid Ikrèn. Nan kòmansman rankont lidè l’ONU an avèk Lavrov, li fè konnen:

“Nou enterese anpil-anpil pou n jwenn mwayen ki ka pèmèt nou kreye kondisyon pou yon dyalòg efikas, kreye kondisyon pou yon seselfe pi rapidman posib, kreye kondisyon pou yon solisyon pasifik.”

Chèf Nasyonzini an ajoute, pandan Larisi ak l ONU genyen “kèk diferans entèpretasyon sou sa k ap pase nan Ikrèn nan”, toujou gen posiblite pou yon konvèsasyon serye fèt sou travay pou aleje soufrans epi “mete fen nan lagè a pi rapidman posib.”

Guterres fè konnen li te vle poze pwoblèm ki makònen ak konsekans elaji konfli a sou popilasyon ki pi vilnerab nan lemond yo k ap fè fas ak ogmantasyon pri manje ak enèji.

Lavrov di se avèk satisfaksyon li resevwa Antonio Guterres ak dezi l ONU genyen pou l tabli yon dyalòg, pandan chèf diplomasi ris la akize gouvènman oksidantal yo dèske yo pran yon apwòch kont prensip miltilateralis yo; olye de sa, yo favorize yon apwòch inilateral vizavi pwoblèm mondyal yo.

XS
SM
MD
LG