Accessibility links

Breaking News

Washington, Alye li yo Ap Rankontre Chak Mwa Pou Diskite Sou Lagè a


UKRAINE-CRISIS/USA-NATO
UKRAINE-CRISIS/USA-NATO

Lèzetazini ak alye li yo pral rankontre chak mwa pou diskite sou fason pou ranfòse kapasite militè Ikrèn kont Larisi.

Sekretè Defans Ameriken Lloyd Austin te anonse desisyon sila madi apre yo te rankontre ak anviwon 40 peyi an Almay.

Austin te di "Reyinyon jodi a pral tounen yon abitid gwoup sa pral reyini chak mwa pou nou diskite sou defans Ikrèn," , e li te ajoute ke li vle kowòdone aksyon ansanb ak " bòn volonte yo pou ede kowòdone asistans nou yo, epi konsantre pou nou genyen batay a."

XS
SM
MD
LG