Accessibility links

Breaking News

Lagè La Risi a Chofe Pri Lwil Toupatou nan Mond lan


Yon gason sevi ak lwil pou fri Mandazi, yon espez de pen fri nan lari Nairobi, peyi Kenya, Mekredi 20 Avril 2022.
Yon gason sevi ak lwil pou fri Mandazi, yon espez de pen fri nan lari Nairobi, peyi Kenya, Mekredi 20 Avril 2022.

Pri lwil pou kwit manje ogmante anpil toupatou nan mond lan depi pandemi COVID-19 la komanse, e kounyea lagè La Risi ap mennen nan Ikrèn nan lakoz pri a vinn pi wo toujou.

Dènye move konsekans lagè a sou disponibilite manje sou mache entènasyonal la afekte lwil paske Ikrèn ak La Risi se 2 pi gwo peyi ekspotatè lwil flè solèy nan mond lan.

E se yon lot pwodwi alimantè kap bay sitwayen traka nan moman kote yap eseye jere lavi chè.

Gen moun nan kèk peyi kap fè fas ak limit sou kantite lwil vejetal yo ka achte nan sipèmache, e sanble pri a poko prèt pou'l desann.

Gen restoran ak lot biznis ki konte sou lwil sa a ki oblije fè chwa difisil ant ogmante pri pou kliyan yo oubyen absobe pri a yomenm.

XS
SM
MD
LG