Accessibility links

Breaking News

LONU Mande 4 Milya $100 Milyon pou Ede Ikrenyen ki Deplase anndan Pwòp Peyi yo


Ikrenyen ki kouri kite kay yo nan Mariupol ak vil ozalantou yo rive nan yon sant refije nan Zaporizhzhia, Ikren, Jedi 21 Avril 2022.
Ikrenyen ki kouri kite kay yo nan Mariupol ak vil ozalantou yo rive nan yon sant refije nan Zaporizhzhia, Ikren, Jedi 21 Avril 2022.

2 ajans Nasyonzini lanse apèl pou yo mande yon sòm plizyè milya dola pou ede yon gwo kantite refijye k ap sòti nan Ikrèn ak moun ki deplase anndan peyi sa a.

Sitiyasyon an nan Ikrèn, k ap vin pi grav chak jou, fè Biwo lONU pou Kowòdinasyon Afè Imanitè (OCHA) prese double sòm ki nan yon premye apèl li te lanse pou l mande yon milya yon milyon dola. Ajans la te lanse apèl sa a imedyatman apre Larisi te anvayi Ikrèn 24 fevriye pase a.

Yon lòt kote, Ajans Nasyonzini pou Refijye a, li menm tou, ogmante valè lajan li te mande nan yon premye apèl. Kounyela a chif la se yon milya 85 milyon dola pou ede yon afè de 8 milyon 300 mil refijye (pwojeksyon l ONU) ak kominote k ap resevwa yo nan 8 peyi vwazen ki ba yo azil. Kantite refijye yo prevwa kounyela a pral plis ke double premye chif 4 milyon moun ajans lONU an te pwojte lè lagè a te kòmanse.

Pòtpawòl ajans la, Shabia Mantoo, fè konnen sitiyasyon aktyèl la ekstrèmman trajik e li pa sispann chanje. Nan 2 mwa sèlman, dapre li, 5 milyon 200 mil refijye kite Ikrèn pandan y ap chache pwoteksyon entènasyonal.

XS
SM
MD
LG