Accessibility links

Breaking News

Biden Mande Kongrè a 33 Milya Dola kòm Plis Ed pou Ikrèn


President Joe Biden speaks as he meets with small-business owners in the South Court Auditorium on the White House complex in Washington, April 28, 2022.
President Joe Biden speaks as he meets with small-business owners in the South Court Auditorium on the White House complex in Washington, April 28, 2022.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, mande Kongrè a jedi pou l apwouve yon lòt asistans 33 milya dola pou Ikrèn pou ede peyi sa a reziste kont envazyon lame ris la. Nouvo èd sa a ta dwe kouvri 5 pwochen mwa yo. Nan yon mesaj Biden prezante nan La Mezon Blanch, li deklare:

“Se yon envestisman nan libète nan Ikrèn. Se yon ti pri pou n peye. Nou pa p atake Larisi; n ap ede Ikrèn defann tèt li.”

Yon ti moman apre Biden te fin bay detay sou plan an, La Mezon Blanch fè konnen nouvo depans yo pral gen ladan l plis pase 20 milya dola pou nouvo zam ak asistans militè, 8 milya 500 milyon dola pou èd ekonomik, avèk 3 milya dola pou asistans imanitè pou ede peyi a ke Larisi te envayi sa gen 2 mwa

Sòm total la se plis ke 2 fwa lavalè èd 13 milya 600 milyon dola Kongrè a te deja apwouve – pi fò nan total la sèvi pou ekspedisyon zam nan Ikrèn pandan mwa ki pase yo. Lidè ameriken an ajoute: “An pratik, nou pa gen lajan ankò.” Sepandan li gen konfyans Kongrè a –ki divize politikman- va kontinye sipòte asistans Lèzetazini ap voye bay Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG