Accessibility links

Breaking News

Karine Jean-Pierre Espere Siksè li Va Enspire Timoun yo


Sekretè de Près Lamezonblanch la Karine Jean-Pierre pandan premye konferans de près li kom sekretè de près Lamezonblanch la nan Washington, Lendi 16 Me, 2022.
Sekretè de Près Lamezonblanch la Karine Jean-Pierre pandan premye konferans de près li kom sekretè de près Lamezonblanch la nan Washington, Lendi 16 Me, 2022.

Nouvo pòt pawòl Prezidan Joe Biden nan, Karine Jean-Pierre deklare li espere timoun pral "fè gwo rèv" kounyea ke li se sekretè de près Lamezonblanch la.

Jean-Pierre se premye fanm nwa ak premye moun LGBTQ ki janm okipe pòs sa a.

Se youn nan pozisyon pi wo pwofil gouvènman Ameriken an.

Jean-Pierre te pran nesans nan zile Matinik. Paran li se Ayisyen.

Etidyan nan ansyen lise li nan Nouyòk deja voye lèt ba li pou di'l jan yo fyè de li.

Jean-Pierre bay premye konferans de près ofisyèl li Lendi, antanke sekretè de près.

XS
SM
MD
LG