Accessibility links

Breaking News

Yon Manm Sekirite Biden Agrese Yon Sid Koreyen


ECUADOR-US-POLITICS-BIDEN
ECUADOR-US-POLITICS-BIDEN

Yon manm ekip sekirite Prezidan Ameriken Joe Biden, ki aktyèlman ap vwayaje nan Sid Kore, anba envestigasyon nan vil Seoul paske li "atake anba enfliyans alkòl" yon sitwayen Kore di Sid, dapre sa lapolis te di Vandredi.

Sispèk la, ki se yon manm Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an, anba akizasyon kom kwa li ta agrese yon Sid Koreyen apre li te finn bwè alkòl epi vinn soule, jou anvan Biden te rive nan peyi . Se sa yon polisye distri Yongsan, nan Seoul di jounalis AFP.

Ensidan devan otèl Grand Hyatt, kote prezidan ameriken an pral desann pandan vizit li.

Polisye a te di."Ensidan an te fèt byen bonè nan Jedi epi ankèt la te kòmanse fòmèlman jodi a".

Prezime viktim nan pa soufri blesi enpòtan, li ajoute.

Joe Biden rive nan Kore di Sid vandredi pou premye vwayaj li nan Azi kòm prezidan, yon toune ak peyi alye rejyonal yo.

Seoul se yon alye sekirite Washington. Anviwon 28,500 sòlda Ameriken estasyone nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG