Administrasyon Biden nan ap fè kèk efò diplomatik pou rive gen chita-koze ak Kore di Nò e prezante piblikman kèk pwopozisyon pi klè pou angaje l ak peyi sa a, pou premye fwa depi Biden te moute nan pouvwa a.
SEOUL, Kore di Sid (AP) — Prezidan Ris Vladimir Putin bay lidè Kore di Nò Kim Jong Un yon limouzin ris liksye ke Kim ka itilize pou regle aktivite pèsonèl li, sa ki montre relasyon espesyal 2 lidè yo genyen antre yo.
NASYON ZINI (AP) — Pi gwo diplomat Larisi a akize Etazini, Kore di Sid ak Japon kòmkwa yo ap prepare pou fè lagè ak Kore di Nò.
Otorite Kore di Nò teste yon sistèm zam nikleyè anba dlo, yon fason pou pwoteste kont ekzèsis militè ke Kore di Sid ap fè, semenn sa a, ansanm ak Etazini ak Japon, se sa media KCNA di jodi vandredi a.
2 lot atis K-Pòp popilè gwoup BTS la rive nan kan militè lame Kore di Sid la nan Yeoncheon 12 Desanm pou rejwenn 5 lòt manm gwoup la ki deja tanmen sèvis militè pa yo.
Gen 2 lot manm gwoup K-Pop popilè Sid Koreyen BTS ki tanmen sèvis milit è yo 11 Desanm. RM ak V te vwayaje nan vil kote lame a antrene nouvo rekri yo. Sandra Lemaire gen detay.
Yon avyon konba ameriken F-16 tonbe nan Kore di Sid jodia nan yon vol antrènman woutin e yo sove pilot la apre li te kite avyon an lè aparèy la te gen yon ijans nan vol-la, se sa inite avyasyon militè ameriken ki estasyone nan peyi-a di.
Load more