Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Jill Biden Vizite Panama


Premye Dam Jill Biden vizite yon lekol nan Panama, Vandredi 20 Me, 2022.
Premye Dam Jill Biden vizite yon lekol nan Panama, Vandredi 20 Me, 2022.

Premye Dam Etazini Jill Biden rive nan Panama ki se dezyèm etap yon vire won lap fè nan 3 peyi Amerik Latin anvan Etazini oganize Somè Dèz Amerik la mwa pwochen an nan vil Los Angeles.

Madan Biden ateri Panama siti vè midi Vandredi e li t'al dirèkteman nan palè prezidansyèl la pou yon rankont ak Yasmin Colon, premyè dam peyi Panama.

Premye dam yo t'al vizite yon lekol tou pre a pou asiste yon aktivite nan kad pwogram "Gade ak Tande pou Aprann" Madan Colon nan, ki dispoze egzamen je ak zorey - epi founi linet ak aparey pou tande pi byen - pou timoun ki bezwen yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG