Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Lajitis Kondane yon Sòlda Ris Pou Lavi


Vadim Chichimarine soldat russe Vadim Chichimarine dans un box en verre dans la salle d'audience
Vadim Chichimarine soldat russe Vadim Chichimarine dans un box en verre dans la salle d'audience

Lajistis nan peyi Ikrèn kondane yon sòlda ris pou l pran prizon avi. Sòlda sa a te plede koupab deske li te asasine yon sivil pandan lagè a nan Ikrèn.

Vèdik sa a te tonbe lendi maten nan nan Kyev, kote lajistis deside pou sòlda a, ki rele Vadim Chichimarine, pase tout rès vi l nan prizon.

Se premye jijman ke Ikrèn lanse pou krim lagè ki, dapre l, ris yo te komèt nan peyi li. Sòlda ris la, ki gen 21 an, te admèt ke li te touye yon sivil 62 an nan kòmansman lagè a nan peyi Ikrèn.

Tribinal la jwenn misye koupab pou tout chèf akizasyon sa yo.

Sòlda a te tande jij la nan tribinal la li vèdik la, li te poukont li nan yon bwat an vè. Yo di ke li te komèt asasinay la eksprè. "Chichimarine vyole lwa yo ak koutim lagè".

Pandan jijman an semèn pase a, Vadim Chichimarine te admèt ke li te tire viktim nan nan men epi li di li te "sensèman regrèt" sa k pase a, epi li "mande padon" nan men vèv viktim nan. Pou li jistifye zak li a, li di sete "lòd" solda yo te resevwa nan moman sa a.

Dapre sa avoka li, sòlda a pral ann apèl ak santans la.

Dapre biwo pakè a nan Kyèv, peyi a louvri plis pase 12,000 ankèt sou krim lagè.

XS
SM
MD
LG