Accessibility links

Breaking News

78,000 Liv Lèt pou Ti Bebe Rive Ozetazini


Sekrete Agrikilti Tom Vilsack, a goch, akeyi manm ekipaj yon avyon C-17 ki livre yon kagezon let pou tibebe nan ayewopo entenasyonal Indianapolis la nan eta Indiana, Dimanch 22 Me 2022.
Sekrete Agrikilti Tom Vilsack, a goch, akeyi manm ekipaj yon avyon C-17 ki livre yon kagezon let pou tibebe nan ayewopo entenasyonal Indianapolis la nan eta Indiana, Dimanch 22 Me 2022.

Yon avyon militè ki tap transpote ase lèt espesyal pou ti bebe pou ranpli plis pase yon demi milyon bibwon rive Dimanch nan vil Indianapolis.

Se premye pami plizyè avyon ki sipoze rive Ozetazini soti Ewòp pou soulaje yon gwo mank lèt ki lakoz paran ap kouri toupatou pou achte lèt pou pitit yo.

Prezidan Joe Biden bay otorizasyon pou yo sèvi ak avyon Aviyasyon Etazini an pou jefò sa a ki rele "Operasyon Vòl Fòmil Tibebe" paske okenn avyon komèsyal pat disponib.

Gwo rate lèt pou ti bebe yo frape Etazini apre fèmti youn nan pi gwo faktori Ameriken ki fabrike pwodwi sa a nan eta Michigan nan mwad Fevriye a, akoz kestyon sekirite.

XS
SM
MD
LG